Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m, jiskaske mwen fin deklare fòs Ou a jenerasyon sila a, ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.
Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”