Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 119:78 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

78 Ke awogan yo kapab vin desi, paske yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti. Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

78 Bann awogan sa yo k'ap fini avè m san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.

参见章节 复制




Sòm 119:78
18 交叉引用  

men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a. Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.


Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman E yo te goumen kont mwen san koz.


Mwen va reflechi sou règleman Ou yo, e okipe chemen Ou yo.


Ou repwoche ògeye yo, moun madichonnen yo, k ap egare kite kòmandman Ou yo.


Malgre prens yo vin chita pou pale kont mwen, Sèvitè Ou va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.


Moun awogan yo meprize m nèt, men mwen pa vire kite lalwa Ou.


Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont; sila ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.


Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.


Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen. San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.


Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen. Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m. Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.


Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li; epi Mwen va mete dife nan vil li yo e li va devore tout andwa l yo.”


“Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’


Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye.


Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w.


Anplis li te di: “Alò, poukisa mèt mwen ap kouri dèyè sèvitè li a? Paske kisa mwen te fè? Oswa ki mal ki nan men m?


跟着我们:

广告


广告