7 Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat, lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
7 M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè maprann tou sa ou deside nan jistis ou.
Beni se Ou menm SENYÈ a. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Aji avèk sèvitè Ou selon lanmou dous Ou a e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Kite lèv mwen eksprime lwanj, paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Fè m konprann chemen òdonans Ou yo, pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.
Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Enstwi m règleman Ou yo. TETH
Men Ou te fè m e te fòme mwen. Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
Enstwi mwen pou fè volonte Ou, paske se Ou menm ki Bondye mwen. Lespri Ou bon. Kondwi mwen sou tèren ladwati a.
Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m; Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.
Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a, Sila Ki Sen an Israël la: “Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi, ki mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.
“Li ekri nan pwofèt yo: ‘E yo tout va enstwi pa Bondye.’ Tout sa yo ki te tande epi enstwi pa Papa a, ap vini a Mwen.