Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 119:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Detounen lwen m repwòch Ou ke mwen krent anpil, paske òdonans Ou yo bon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

39 Pa kite yo joure m, mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!

参见章节 复制




Sòm 119:39
19 交叉引用  

Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”


Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou, avèk pawòl ladwati Ou.


Mwen te louvri bouch mwen byen laj e te rale souf mwen byen vit. Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.


Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.


Retire repwòch ak mepri a sou mwen, paske mwen obsève temwayaj Ou yo.


Mwen kole rèd de temwayaj Ou yo. O SENYÈ, pa fè m desi.


Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt, Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.


Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat, ke se nan nan fidelite, Ou te aflije mwen.


Lakrent SENYÈ a pi; Li dire jis pou tout tan. Jijman yo SENYÈ a vrè; Yo jis san manke.


Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo. Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.


Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen. Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.


oswa sila ki tande ou a, va fè ou repwòch, e move rapò sou ou menm p ap janm disparèt.


Anverite, selon jijman Ou yo, O SENYÈ, nou t ap tann Ou. Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.


Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo.


Oswa ki gran nasyon ki genyen avèk règleman ak jijman ki dwat tankou sa ke mwen ap mete devan nou jodi a?


Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.


Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.


rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.


Paske jijman Li yo vrè e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”


跟着我们:

广告


广告