Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 119:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo, paske Ou va fè kè m vin grandi. HE

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.

参见章节 复制




Sòm 119:32
17 交叉引用  

Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li. Li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va rekòlte anpil fwi nan peyi a.”


Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè.


Epi mwen va mache nan libète, paske se òdonans Ou ke m chache.


Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m, epi pye m pa t janm chape.


Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm! Wa a mennen m nan chanm li yo. “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan; nou va leve lanmou ou wo plis pase diven. Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”


sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.


Epi ou va wè, ou va plen ak limyè; kè ou va kontan e ou va rejwi. Paske abondans lanmè a va vire vè ou; gran richès a nasyon yo va rive kote ou.


Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;


E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”


Se pou sa, si Fis la fè nou lib, nou ap vrèman lib.


Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète.


Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj.


Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an,


Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye.


跟着我们:

广告


广告