Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo, e fi yo kon manman nouris. Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè, pou niche pousyè nan pye ou. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a; sila ki tann Mwen yo p ap vin wont.”
Ke sila ki pèsekite mwen yo vin wont, men pou mwen menm, pa kite mwen vin wont; kite yo twouble nèt, men pa kite m vin twouble. Mennen sou yo yon jou gwo twoub. Detwi yo ak yon destriksyon ki doub!
“Paske si nou fè atansyon pou kenbe tout kòmandman sa yo ke mwen ap kòmande nou pou fè yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan tout chemen Li yo e kenbe fèm a Li,