20 Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.
20 Se tout tan kè m ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.
Èske li va pran plezi nan Toupwisan an? Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?
A la beni sila ki kenbe jistis yo beni. Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!
Mwen te louvri bouch mwen byen laj e te rale souf mwen byen vit. Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.
Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou se gran plezi mwen.
Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo! Fè m remonte nan ladwati Ou. VAV
O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a. Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.
Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
Yon zanmi renmen tout tan; yon frè fèt pou move tan.
“M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l; ke mwen malad ak lanmou.”