Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 119:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Ouvri zye m pou m kab wè bèl bagay nan lalwa Ou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Louvri je m pou m ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.

参见章节 复制




Sòm 119:18
17 交叉引用  

Mwen gen tan fin wè lizyè a tout pèfèksyon, men kòmandman Ou an vrèman vast. MEM


Nan jou sa a, moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb.


Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle; zòrèy a sila ki tande yo, va koute.


Konsa, zye avèg yo va louvri, e zòrèy a soud yo debouche.


Malgre sa Mwen te ekri pou li règleman san fen de Lalwa Mwen yo, men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.


Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann.


Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la.


Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.


Jésus te di: “Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”


pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’


Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo.


ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske “Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”


“Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.


跟着我们:

广告


广告