Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 119:174 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

174 Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou se gran plezi mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

174 Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m! Mwen jwenn tout plezi m nan lalwa ou.

参见章节 复制




Sòm 119:174
17 交叉引用  

Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ.


Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye? Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m, An lòd nan tout bagay e byen solid. Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen, èske, anverite, Li p ap fè l grandi?


men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a. Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.


Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.


Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou. GIMEL


Mwen rejwi nan pawòl Ou kon yon moun ki jwenn gwo piyaj.


Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo. DALETH


Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen, O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.


Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.


Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv, paske lalwa Ou se plezi mwen.


Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou. Se pawòl Ou m ap tann.


Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.


“M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l; ke mwen malad ak lanmou.”


Men mwen sanse presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil,


跟着我们:

广告


广告