172 Kite lang mwen chante de pawòl Ou, paske tout kòmandman Ou yo dwat.
172 Se pou m chante pou m fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.
Pou sa, mwen konsidere byen tout òdonans Ou yo selon tout bagay. Mwen rayi tout sa ki fo. PE
Avèk lèv mwen, mwen te pale selon tout òdonans bouch Ou yo.
Ou te kòmande tout temwayaj Ou yo ak ladwati. Yo fidèl nèt.
Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.
Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo devan wa yo, e mwen p ap desi.
Tout kòmandman Ou yo fidèl. Se ak manti yo te pèsekite mwen. Fè m sekou!
Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès, epi lang li va pale jistis.
Nou p ap kache yo a pitit nou yo, men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a, fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.
Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche.
Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.
Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.
Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.