171 Kite lèv mwen eksprime lwanj, paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.
171 Se pou m louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m sa ou vle m fè.
Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat, lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M, epi a sila ki fè chemen li dwat la, Mwen va montre li sali Bondye a.”
O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen pou m kab deklare lwanj Ou.
O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen. Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
Beni se nonm ke Ou bay chatiman an, O SENYÈ, ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,