169 Kite kri mwen vini devan Ou, O SENYÈ. Ban mwen konesans selon pawòl Ou.
169 Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Senyè. Jan ou te pwomèt la, ban m bon konprann.
Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a.
Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?”
Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.
Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou. Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.
Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a, e te kriye a Bondye pou sekou. Depi nan tanp li an, li te tande vwa m. Kri mwen pou sekou devan L te rive nan zòrèy Li.
Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo. Li retire wa e Li etabli wa. Li bay sajès a moun saj yo, e konesans a moun ki gen bon konprann.
Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.