163 Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo. Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.
163 Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.
Sila ki pratike manti p ap rete lakay mwen. Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann. Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo. NUN
Mwen rayi moun ki gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.
Pou sa, mwen konsidere byen tout òdonans Ou yo selon tout bagay. Mwen rayi tout sa ki fo. PE
Retire sou mwen fo chemen an e ban mwen gras nan lalwa Ou a.
Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.
Yon nonm dwat rayi sa ki fo; men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen. Pa ban m richès ni povrete. Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,
Rayi mal e renmen sa ki bon, e etabli jistis nan pòtay la! Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo ka fè gras a retay Joseph la.”
Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon.
Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.
Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.