16 Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou. GIMEL
16 Mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.
men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a. Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
Lavi m tout tan nan men m, malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.
Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m, pou m pa t peche kont Ou.
Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo, konsi se nan tout richès yo.
Mwen vin piti e meprize. Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.
Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen. Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.
Gade sou afliksyon mwen an e delivre m, paske mwen pa bliye lalwa Ou a.
Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou se gran plezi mwen.
Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.
Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo. DALETH
Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo, paske sa fè kè m kontan.
Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.
Kòd a mechan yo te antoure m, men mwen pa t bliye lalwa Ou.
Kè yo rèd, kouvri ak grès, men mwen pran plezi nan lalwa Ou.
Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv, paske lalwa Ou se plezi mwen.
Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen, Mwen pa bliye règleman Ou yo.
Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou nan kè m.”
Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat; men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
Pawòl Ou yo te vin twouve; mwen te manje yo. Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa ki fè kè m rejwi; paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.
Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an,