“Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.
Mwen te pase lòd a Levit yo ke yo ta dwe pirifye tèt yo e vini tankou gadyen pòtay yo pou sanktifye jou Saba a. Pou sa, anplis, sonje mwen, O Bondye mwen e fè mwen mizerikòd, selon grandè lanmou dous Ou.