155 Sali a lwen mechan yo, paske yo pa chache règleman pa W yo.
155 Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.
Fis li yo pa jwenn sekirite ditou; menm nan pòtay la, yo oprime, ni pa gen moun pou delivre yo.
Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye, Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”
Paske Ou sove yon pèp aflije, men sila ak zye ki leve wo yo, Ou bese yo.
Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
Koute Mwen, nou menm, moun tèt di, ki lwen ladwati yo!
Mwen kreye fwi a lèv yo: “Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo, ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di: “Epi Mwen va geri yo.”
Epi nou tout gwonde tankou lous, e plenyen ak tristès kon toutrèl. Nou espere lajistis, men nanpwen; pou delivrans, men li lwen nou.
Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.
Pa gen moun ki gen konprann. Pa gen moun ki chache Bondye.