Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 119:153 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

153 Gade sou afliksyon mwen an e delivre m, paske mwen pa bliye lalwa Ou a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

153 Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!

参见章节 复制




Sòm 119:153
14 交叉引用  

Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.


Lavi m tout tan nan men m, malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.


Mwen vin piti e meprize. Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.


Konsidere jan mwen renmen òdonans Ou yo. Fè m reprann fòs, O SENYÈ, selon lanmou dous Ou a.


Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou. GIMEL


Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.


Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo, Paske yo toujou pou mwen.


Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil. Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.


Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,


Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;


Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa? Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo, pitit yo ki te fèt an bòn sante? Èske prèt la ak pwofèt la dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?


Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an. Gade pou wè repwòch nou.


跟着我们:

广告


广告