143 Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen. Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.
143 Mwen nan tray, kè m ap kase. Men, mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande m fè.
Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo. Mwen te kenbe pawòl a bouch Li kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
Kòd lanmò yo te antoure m, e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen. Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
Mwen vin aflije anpil, anpil; fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou. GIMEL
Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.
Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv, paske lalwa Ou se plezi mwen.
Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.