Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 119:141 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

141 Mwen vin piti e meprize. Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

141 Mwen pa anyen, y'ap meprize m. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.

参见章节 复制




Sòm 119:141
14 交叉引用  

Lavi m tout tan nan men m, malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.


Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou. GIMEL


Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.


Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.


Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, kite SENYÈ a toujou sonje mwen. Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen. Pa fè reta, O Bondye mwen an.


Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a, pase gwo richès ak gwo twoub ladann.


Pi bon se piti ak ladwati pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.


Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.


Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;


Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè.


Li te leve zye L , vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.


Jésus te di Li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo yo gen nich yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou poze tèt Li.”


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?


跟着我们:

广告


广告