Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 119:124 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

124 Aji avèk sèvitè Ou selon lanmou dous Ou a e enstwi mwen nan règleman Ou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

124 Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m sa ou vle m fè a.

参见章节 复制




Sòm 119:124
19 交叉引用  

Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf.


Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo, ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.


Beni se Ou menm SENYÈ a. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.


Vire kote mwen e fè m gras, menm jan ke Ou konn fè ak sila ki renmen non Ou yo.


Mwen te pale sou chemen mwen yo, e Ou te reponn mwen. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.


Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen, O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.


Fè m reprann mwen selon lanmou dous Ou a, Pou m kab kenbe temwayaj a bouch Ou yo. LAMEDH


O Israël, mete espwa nan SENYÈ a. Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd. Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.


Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm. Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj kont konplo a tout lang lèzòm.


Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a. Selon grandè a mizerikòd ou, efase transgresyon mwen yo.


Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ, nan yon lè ki bon, nan grandè lanmou dous Ou a. Reponn mwen avèk sali verite Ou a.


Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon; Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.


Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou. Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou, paske nou fin rive ba nèt.


O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou.


Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.


跟着我们:

广告


广告