12 Beni se Ou menm SENYÈ a. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
12 Mèsi, Bondye. Moutre m tou sa ou vle m fè.
O aksepte ofrann bòn volonte a bouch mwen an, O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo.
Aji avèk sèvitè Ou selon lanmou dous Ou a e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a, e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Enstwi mwen, O SENYÈ, nan chemen règleman Ou yo e mwen va obsève li jiska lafen.
Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Enstwi m règleman Ou yo. TETH
Enstwi mwen pou m sèvi bon jijman ak konesans, Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.
Ou bon e Ou fè sa ki bon. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Enstwi mwen pou fè volonte Ou, paske se Ou menm ki Bondye mwen. Lespri Ou bon. Kondwi mwen sou tèren ladwati a.
Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. Mwen va mache nan verite Ou. Fè kè m dispoze pou krent non Ou.
Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo.
Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.
Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo.
Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.