113 Mwen rayi moun ki gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.
113 Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.
A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen! Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!
Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.
O! A la mwen renmen lalwa Ou a! Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
SENYÈ a konnen panse a lòm, ke se sèlman yon souf ke yo ye.
Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?
Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè,
N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la.
tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.