Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.
Mwen va pale de lanmou dous SENYÈ a, ak lwanj SENYÈ a. Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou, ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo, selon labondans konpasyon li, epi selon gran mizerikòd Li.