Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 118:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou limyè. Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Senyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la.

参见章节 复制




Sòm 118:27
17 交叉引用  

Élie te pwoche tout pèp la e te di: “Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.” Men moun yo pa t reponn menm yon mo.


Lè tout pèp la te wè sa, yo te tonbe sou figi yo, epi yo te di: “SENYÈ a, se Li menm Ki Bondye a! SENYÈ a, se Li menm ki Bondye a!”


Yo te fè sakrifis a SENYÈ a, e nan pwochèn jou a te ofri ofrann brile a SENYÈ a; mil towo, mil belye ak mil jenn mouton avèk ofrann bwason pa yo ak sakrifis an gran kantite pou tout Israël.


Pou Jwif yo, te gen limyè, kè kontan, lajwa avèk lonè.


Paske SENYÈ a va lime lanp mwen. Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.


Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè, Ak jijman ou klere kon midi.


Ou va fè kòn li yo sou kat kwen. Kòn li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li, epi ou va vin kouvri li avèk bwonz.


Li te fè kòn li sou kat kwen yo. Kòn li yo te yon sèl pyès avèk li, e li te kouvri li avèk bwonz.


“Leve, briye; paske limyè ou fin parèt e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.


Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè; sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a, limyè va fonse briye sou yo;


Mwen va pote endiyasyon SENYÈ a, akoz mwen te peche kont Li, jiskaske li plede ka mwen an, e egzekite jijman pou mwen. Konsa, Li va mennen m sòti nan plen limyè, e mwen va wè ladwati Li.


Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.


Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”


Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.


Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.


跟着我们:

广告


广告