2 Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m, pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
2 Li te panche zòrèy li bò kote m chak fwa mwen rele l.
Èske li va pran plezi nan Toupwisan an? Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?
Beni se SENYÈ a, akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.
Panche zòrèy W bò kote mwen. Delivre mwen byen vit. Devni pou mwen wòch ki ban m fòs, yon sitadèl ki pou sove m.
Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen, konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a. Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.
O SENYÈ, Bondye sali mwen an, Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.
Ou te jete mwen nan gwo pwofondè a, nan kè lanmè yo, e gwo kouran dlo a te vale mwen. Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè ou yo te pase sou mwen.
Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te dwe priye, e pa dekouraje.
Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.
Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.