13 Mwen va leve wo koup sali a, e rele non SENYÈ a.
13 M'a ofri yon bwason bay Senyè a, paske li delivre m. M'a rele l pou m di l mèsi.
O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.
A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman, e va rele sou non SENYÈ a.
Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m, pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen; Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.
Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou. Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.
Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte!
Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se akò nèf de san Mwen an ki vide nèt pou nou.
Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la?
Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo.