17 Mò yo pa louwe SENYÈ a, ni sila ki desann antre nan silans yo.
17 Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Senyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li.
“Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou?
Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ, paske se Ou ke m rele.
Paske mò yo pa rele non Ou. Nan andwa kote mò yo ye a, se kilès k ap bay Ou remèsiman?
Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.