Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 115:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis, nou menm ak pitit nou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Se pou Senyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l beni pitit ou yo tou.

参见章节 复制




Sòm 115:14
19 交叉引用  

“Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.


“Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.


Men Joab te di a wa a: “Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou wè. Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?”


Nan jou k ap vini yo, Jacob va pran rasin. Israël va fleri e boujonnen. Yo va plen tout mond lan ak fwi.


Senyè BONDYE a, ki rasanble dispèse a Israël yo, deklare: “Mwen va rasanble lòt yo anvè yo, lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”


Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo. Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye; anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;


Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”


Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’


Mwen va soufle pou yo pou yo kab vin rasanble yo, paske Mwen te rachte yo. Konsa, yo va vin anpil, jan yo te ye oparavan an.


Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”


“Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: ‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.


Ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, kapab fè nou vin miltipliye yon mil fwa anplis ke nou ye a, e beni nou jis jan ke li te pwomèt nou an.


Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.


Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo.


跟着我们:

广告


广告