Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 113:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 SENYÈ a wo, anwo tout nasyon yo! Glwa Li pi wo syèl yo!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Senyè a donminen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.

参见章节 复制




Sòm 113:4
10 交叉引用  

Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!


Kite yo louwe non SENYÈ a, paske se sèl non Li ki leve wo. Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.


O SENYÈ, Senyè nou an, A la non Ou gran sou tout latè! Ou te fè parèt klè mayifisans Ou piwo pase syèl yo!


Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.


SENYÈ a gran nan Sion. Li leve wo anwo tout pèp yo.


Gade byen, nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit; yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la. Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.


Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L, Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.


Se Li menm ki chita anwo wonn tè a ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.


Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?


跟着我们:

广告


广告