1 Louwe SENYÈ a! Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo, Louwe non SENYÈ a.
1 Lwanj pou Senyè a! Nou menm k'ap sèvi Senyè a, fè lwanj li!
Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
Gade byen! Beni SENYÈ a, tout sèvitè SENYÈ yo, Ki sèvi pandan lannwit lakay SENYÈ a!
O lakay Lévi, beni SENYÈ a! Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!
Tout zèv Ou yo va di Ou: “Mèsi O SENYÈ,” e fidèl Ou yo va beni Ou.
SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo. P ap gen nan sila ki kache nan Li yo k ap kondane.
Desandan a sèvitè Li yo va eritye li. Sila ki renmen non Li yo va rete ladann.
Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”