Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 111:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Li te bay manje a sila ki gen lakrent Li yo. Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.

参见章节 复制




Sòm 111:5
13 交叉引用  

Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Li te sonje akò Li a jis pou tout tan, pawòl ke Li te pase lòd bay pandan mil jenerasyon.


Li te vin sonje akò Li pou koz yo menm, e te vin ralanti selon grandè lanmou dous Li a.


Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,


pou delivre nanm pa yo devan lanmò, e kenbe yo vivan nan gwo grangou.


Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.


Mwen p ap vyole akò mwen an, ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.


Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.


Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di: “O SENYÈ, Gran Bondye ki etonnan la, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo,


pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, e pou sonje akò sen Li an,


Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo.


跟着我们:

广告


广告