Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 111:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo. Ladwati Li dire jis pou tout tan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan.

参见章节 复制




Sòm 111:3
17 交叉引用  

Men lanmou dous a SENYÈ a, soti pou tout tan jis rive pou tout tan sou sila ki gen lakrent Li yo e ladwati Li a pitit pitit li yo,


Anpil byen ak gwo richès rete lakay li. Ladwati li dire pou tout tan.


Li te bay ak jenewozite a pòv yo. Ladwati li dire jis pou tout tan. Kòn li va egzalte nan lonè.


Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.


Temwayaj Ou yo dwat jis pou tout tan. Ban mwen bon konprann pou m kab viv. QOPH


Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.


Syèl yo ap pale glwa Bondye a. Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.


Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?


Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman, e mit va manje yo tankou len. Men ladwati Mwen va jis pou tout tan, e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”


“Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.


Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo.


跟着我们:

广告


广告