Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 110:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Li va jije pami nasyon yo. Li fè gwo pil kadav yo, Li va brize tèt a chèf tout latè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 L'ap jije nasyon yo, l'ap anpile kadav sou kadav, l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè.

参见章节 复制




Sòm 110:6
22 交叉引用  

Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”


Anverite, Bondye va kraze tèt lènmi Li yo, tèt la menm ak cheve a sila ki pèsiste nan mechanste li yo.


Senyè a te di: “Mwen va mennen fè yo sòti Basan. Mwen va mennen yo retounen jis rive nan fon lanmè a,


Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a. Li p ap jije selon sa ke zye l wè, ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;


Li va jije pami nasyon yo, e Li va rann desizyon pou anpil pèp. Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a, ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e jis pou tout tan, yo p ap vin aprann fè lagè ankò.


“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.


Li p ap dekouraje oswa vin kraze jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè, epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”


Ladwati Mwen toupre a. Sali Mwen te voye deyò. Se bra M kap jije pèp yo. Peyi kot yo va tann Mwen, e bra M va jije pèp yo.


“Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”


Ou va tonbe sou mòn Israël yo, ou menm, tout sòlda ou yo ak moun ki avèk ou yo. Mwen va bay ou kon manje a tout kalite zwazo kanivò ak bèt nan chan.


Konsa, Li va jije antre anpil pèp e pran desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen. Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen cha pou laboure latè yo, ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e p ap aprann fè lagè ankò.


Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a, pou sali pèp onksyon Ou an. Ou te frape tèt peyi mechanste an. Ou te ekspoze li nèt, depi nan kwis li pou rive nan kou l. Selah.


“Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men Li te bay tout jijman a Fis la,


Konsa, basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.


Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.


Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”


跟着我们:

广告


广告