Li te vin rive ke lè li te devni wa a, depi li te chita sou twòn nan, ke li te touye tout manm lakay Baesche yo. Li pa t kite menm yon gason, ni pami fanmi, ni nan zanmi li yo.
Konsa pale SENYÈ a: “Mete nonm sa a nan lis kon ‘san pitit’, yon nonm ki p ap reyisi nan jou li yo. Paske nanpwen moun nan desandan li yo ki va reyisi, ni k ap chita sou twòn David la, ni gouvène ankò nan Juda.”
“Pou sa, li va vin rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin bannou repo de tout lènmi ki antoure nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj pou posede a, nou va efase memwa a Amalec soti anba syèl la. Nou pa pou bliye sa.
SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la.
Paske Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e li pa t repwoche yo.