11 Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.
11 Se pou moun ki te prete l lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.
Li remèt sa ke li te pran an. Li pa kab vale l. Afè richès a komès li yo, li pa kab menm rejwi de yo.
Moun grangou yo devore rekòlt li, e mennen l yon kote plen pikan. Epi pelen an rete ovèt pou sezi tout byen yo.
Nou va tatonnen gwo midi, tankou yon avèg tatonnen nan tenèb, epi nou pa p pwospere nan zafè nou yo. Men nou va tout tan oprime e kontinyèlman viktim vòl, san genyen pèsòn pou bannou sekou.