5 Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.
5 (6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!
Kite yo louwe non SENYÈ a, paske se sèl non Li ki leve wo. Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
Ke Ou leve wo, O SENYÈ, ak tout fòs Ou! Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.
Leve anwo syèl yo, O Bondye. Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.
Leve anwo syèl yo, O Bondye; Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
Beni se non laglwa Li jis pou tout tan! Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li! Amen e amen.
O SENYÈ, Senyè nou an, A la non Ou gran sou tout latè! Ou te fè parèt klè mayifisans Ou piwo pase syèl yo!
Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”
Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’