4 Paske lanmou dous Ou a gran pase syèl yo, e verite Ou rive jis nan syèl yo.
4 (5) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.
Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, pami nasyon yo. Mwen va chante lwanj a non Ou.
Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a, menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.
SENYÈ a wo, anwo tout nasyon yo! Glwa Li pi wo syèl yo!
Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo, fidelite Ou nan syèl la.
Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm. Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.
Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a va kanpe janm jis pou tout tan. Ou te etabli syèl yo. Fidelite Ou rete nan yo.
Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ, ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.
Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a, konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo, e panse Mwen yo ke panse pa w yo.