12 O bannou sekou kont advèsè a, paske delivrans a lòm se anven.
12 (13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.
Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo; move konsolatè nou tout ye.
“Bondye p ap detounen kòlè Li. Anba Li, byen akwoupi, se asistan a Rahab yo.
Sispann mete konfyans nan lòm; souf vi li se sèl nan nen l. Kisa li vo?
Alò, Ejipsyen yo se moun. Se pa Bondye. Cheval yo se chè; se pa lespri. Pou sa, SENYÈ la va lonje men L; sila k ap bay sekou a va glise tonbe. Sila ki resevwa sekou a va tonbe, e yo tout va rive fini ansanm.
Malgre sa, zye nou febli. Chache sekou te vin initil. Nan chache, nou te chache pou yon nasyon ki pa t ka sove.