1 Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante. Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
1 (2) Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.
Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m. Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.
Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a, e tout chè va beni sen non Li an jis pou tout tan e pou tout tan.
Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans. Anplis, chè m va toujou pwoteje.
Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan. Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
Kite Bondye leve! Kite lènmi Li yo vin gaye! Kite sila ki rayi Li yo sove ale devan L.
Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.
Bouch mwen plen avèk lwanj Ou ak glwa Ou tout lajounen.
Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di: “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan. Cheval la avèk moun ki monte l la, Li te voye yo nan lanmè.