Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 107:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.

参见章节 复制




Sòm 107:22
14 交叉引用  

Kisa mwen kapab bay a SENYÈ a Pou tout bonte Li anvè mwen?


A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman, e va rele sou non SENYÈ a.


Mwen p ap mouri, men m ap viv, e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.


Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo sou lènmi m ki antoure m yo. Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa. Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.


Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman e peye ve ou yo a Pi Wo a.


Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen. Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen, Pou m kab pale tout zèv Ou yo.


Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion; deklare pami pèp yo zèv Li yo.


Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a; nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.


Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte!


Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil.


Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.


跟着我们:

广告


广告