18 Nanm yo te rayi tout kalite manje e yo te rive toupre pòtay lanmò yo.
18 Yo pat menm anvi manje, yo te prèt pou mouri.
Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm? Oswa èske ou konn wè pòtay lonbraj lanmò yo?
Paske nanm mwen gen kont twoub li. Lavi m vin toupre sejou lanmò a.
Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,
Mwen te di: “Nan mitan lavi m, mwen gen pou antre nan pòtay Sejou mò yo. Mwen gen pou pèdi tout rès ane mwen yo.”