Gade byen, Mwen te lonje men M kont ou pou te diminye nan sa ki te pou ou yo. Epi Mwen te livre ou a volonte a sila ki rayi ou yo, fi a Filisten yo, ki wont devan kondwit lèd ou a.
“SENYÈ a va lakoz ke nou vin bat devan lènmi nou yo. Nou va sòti yon direksyon kont yo e nou va sove ale nan sèt direksyon devan yo. Konsa, nou va jete ale retou pami tout wayòm latè yo.
Nou va tatonnen gwo midi, tankou yon avèg tatonnen nan tenèb, epi nou pa p pwospere nan zafè nou yo. Men nou va tout tan oprime e kontinyèlman viktim vòl, san genyen pèsòn pou bannou sekou.
Pou sa, nou va sèvi lènmi nou yo ke SENYÈ a va voye kont nou, nan grangou, nan swaf, nan toutouni ak nan manke tout bagay. Konsa, Li va mete yon jouk fèt an fè sou kou nou jiskaske Li fin detwi nou.
Epi twa-mil lòm Juda te desann vè krevas wòch la nan Étam, e yo te di Samson: “Èske ou pa konnen ke Filisten yo gen tout fòs sou nou? Poukisa, konsa, ou vin fè nou sa?” Epi li te di yo: “Menm jan yo te fè m nan, se konsa mwen te fè yo.”
Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo.
Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane.