2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li. Pale sou tout mèvèy Li yo.
2 Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!
Fè m konprann chemen òdonans Ou yo, pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.
Mwen va reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo, pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
Chemen Ou a, O Bondye, se apa. Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy. Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.
Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap, avèk ap ak vwa melodi a.
“Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la.
Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a.
“Tande O wa yo! Bay zòrèy nou, O gran chèf yo! Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante. Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.