7 Ak repwòch Ou, yo te sove ale. Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.
7 Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loray ou gwonde, yo met deyò.
E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch, Li te mennen yo pase nan fon yo, menm jan yo te pase nan dezè a.
Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt; Fondasyon mond yo te vin toutouni; ak repwòch Ou, O SENYÈ, lè gwo souf sòti nan nen Ou.
Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an. Loray yo te klere tout tè a. Mond lan te tranble. Li te souke.
lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm, lè sous nan fon yo te vin etabli,
Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.