Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 104:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo. Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou.

参见章节 复制




Sòm 104:13
11 交叉引用  

Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès, oswa vide gwo krich dlo syèl yo,


Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo. Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li. Li mache sou zèl van an.


ki kouvri syèl la ak nwaj yo, ki founi lapli pou tè a, ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.


Lè Li fè vwa L sone, dlo yo mele nan syèl yo. Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a. Li fè loray pou lapli, e Li fè van sòti nan depo Li yo.


Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.


Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li.


pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.


Men malgre sa Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”


Men peyi kote nou prèt pou travèse pran an, yon peyi avèk ti mòn ak vale, k ap bwè dlo ki sòti nan lapli syèl la,


跟着我们:

广告


广告