7 Li te fè chemen Li yo byen klè a Moïse, zèv Li yo a fis Israël yo.
7 Li fè Moyiz konnen sa l te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo.
Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.
mèvèy nan peyi Cham yo, ak bagay mèvèy bò Lanmè Wouj la.
Li te fè pèp Li wè pouvwa a a zèv Li yo, lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj.
Li deklare pawòl Li yo a Jacob, règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann, pa men Moïse avèk Aaron.
Yo te bliye zèv Li yo avèk mirak ke Li te montre yo.
Paske Li te etabli yon temwayaj nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël, sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.
Li te pale ak yo nan pilye nwaj la. Yo te kenbe temwayaj Li yo, avèk règleman ke Li te bay yo.
SENYÈ a te vin desann sou Mòn Sinai, sou tèt mòn nan. Senyè a te rele Moïse anwo tèt mòn nan, epi Moïse te monte.
Tout pèp la te reponn ansanm. Yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a.
Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche gwo nwaj la kote Bondye.
Alò, pou sa, mwen priye Ou, si mwen twouve favè nan zye Ou, kite mwen konnen chemen pa Ou yo, pou m kapab konnen Ou, pou m kab jwenn favè nan zye Ou. Konsidere tou, ke nasyon sila a se pèp pa Ou.”
Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen;
Depi nan tan sa a, okenn lòt pwofèt pa t vin leve an Israël tankou Moïse, ke SENYÈ a te konnen fasafas,