Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 103:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la e souverènte li regne sou tout bagay.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Senyè a mete fòtèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.

参见章节 复制




Sòm 103:19
16 交叉引用  

A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout .


Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.


SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.


Men Bondye nou an nan syèl yo. Li fè sa Li pito.


Sila ki chita nan syèl la ri; SENYÈ a ap moke yo.


Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a.


Men SENYÈ a la jis pou tout tan; Li te etabli twòn Li pou jijman.


Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?


Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo.


Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito.


A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.


Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.”


Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.


跟着我们:

广告


广告