16 Depi van fin pase sou li, li pa la ankò e plas li a pa rekonèt li ankò.
16 Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pèsonn pa rekonèt kote yo te ye a.
Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.
Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye?
Zye ki te wè l la pa wè l ankò, e plas li a pa gade li ankò.
Yon vwa pale: “Rele fò.” Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?” “Tout chè se zèb, e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, depi souf SENYÈ a soufle sou li. Anverite, pèp la se zèb.