Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 102:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske jou m yo te manje nèt nan lafimen, e zo m te chofe tankou yon chemine.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 (4) Lavi m ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.

参见章节 复制




Sòm 102:3
11 交叉引用  

Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.


Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen, Mwen pa bliye règleman Ou yo.


Pa kache figi Ou de mwen. Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou. Se Ou ki konn sekou mwen. Pa abandone mwen, ni kite m sèl, O Bondye delivrans mwen an.


Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m, ane mwen yo avèk soupi. Fòs mwen fin ale akoz inikite m. Kò mwen fin epwize.


Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen, konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.


Men mechan yo va peri. Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo. Yo va vin disparèt. Tankou lafimen, yo ale nèt.


Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen.


Soti anwo, Li te voye dife antre nan zo m, e lap dominen yo. Li te ouvri yon pèlen pou pye m; Li te fè m vire fè bak. Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.


Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen, Li te kase zo m yo.


Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt.


跟着我们:

广告


广告