Se kilès ki te fè sa a e ki te acheve li; ki te rele fè parèt tout jenerasyon yo soti nan kòmansman? Mwen, SENYÈ a, se premye a ak dènye a. Mwen se Li.”
Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.
Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann, yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje. Paske kon lavi a yon pyebwa, se konsa jou a pèp Mwen an va ye, e moun chwazi pa M yo va gen tan rejwi nan pwòp zèv men yo.
“Paske menm jan ke syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt.
Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.